GID POU SISTÈM IMANITÈ
GUIDE TO THE HUMANITARIAN SYSTEM

DEVELOPMENT AID, AND NGOS

ÈD POU DEVLOPMAN, AK ONG

GID POU SISTÈM IMANITÈ
ÈD POU DEVLOPMAN, AK ONG

Souvan, kominote Ayisyen yo ak òganizasyon kap bay èd yo, youn pa konprann lòt, epi yo manke enfòmasyon youn sou lòt. Si youn te konprann lòt pi byen, yo tout tap benefisye: kominote Ayisyen yo tap konprann pi byen kouman sistèm èd la mache, epi òganizasyon èd yo tap konprann pi byen sa ki pi enpòtan pou chak grenn kominote kote yo vle travay. Wi, fason youn konprann lòt paka regle pwoblèm sistèm nan. Men, brase lide youn ak lòt kapab ede diminye kèk nan pwoblèm sistèm sila a konn bay (epi fòk nou pran konsyans se kominote Ayisyen yo finalman ki sibi apre tout pwoblèm yo).

Gid la gen objektif pou rapwoche tout moun ki konsène nan zafè èd imanitè ak èd pou devlopman, pou se tout moun ki sove yo ak kominote yo ki viktim anba yon kriz kap mennen aksyon kont katastwòf yo ak lagè. Gid la se yon zouti kap plede pou kominote yo vin gwo aktè ak pòtpawòl kap esplike bezwen yo epi fason pou yo jere yo, pandan ak apre yon kriz.

Chak Gid gen twa pati (Gade tab matyè a)

  • Pou moun ann jeneral ki esplike sistèm èd la angwo
  • Enfòmasyon espesifik sou pwomès ajans èd yo bay kominote ki afekte pa yon kriz
  • Pou ajans èd yo, yon ‘fèy de wout’ pou pi byen kolabore avèk kominote yo
Gen set (7) Gid. Tanpri klike non kominote a pou telechaje gid sa:

Gid sa a se yon dokiman vivan ki la pou rale plis moun patisipe ladan l, pou kreye yon chita pale pi rich.

Ekip Ki Ekri Gid la

Jamesky Blaise, K. Jessica Hsu, Sabina Robillard, Mark Schuller, Elkins Voltaire, Ilionor Louis

Ekip Ki Angaje Kominote a

Ilionor Louis, Fritznel Mede, Vikens Sinal

Tradiksyon ak Koreksyon

Jean-Gérard Anis, Carl Foster Candio, Mark Schuller, Laura Wagner

Montaj

Johanne Elima

Kreye Sit Web la

Gessica Vixamar

Foto yo

Bette Gebrian Magloire, Heather Prentice-Walz, Mark Schuller

Ekip Jesyon an

FOKAL

Marie Edmonde Jeune, Jonathan Perodin

 


Li te posib pou nou fè Gid sa a gras a yon èd lajan (CAREER Grant #1455142) Fondasyon Nasyonal Lasyans (NSF) bay Dr. Mark Schuller kap travay nan Northern Illinois University (NIU). Sak di nan Gid la pa gen anyen pou wè ak sa NSF oubyen NIU panse.

GUIDE TO THE HUMANITARIAN SYSTEM
DEVELOPMENT AID, AND NGOS

There are significant and consequential gaps in understanding between Haitian communities and the aid organizations who carry out projects in them. Both groups would benefit from understanding more about the other: Haitian communities from better understanding how the aid system works, and those who work for international or national NGOs from better understanding the individual communities they are working or want to work in. While there are serious structural issues that improved mutual understanding will not solve, this exchange of knowledge can help mitigate some of the effects of a very broken system that ultimately harms Haitian communities.

The goal of this Guide is to bring all the stakeholders of humanitarian and development aid closer together, so that survivors and crisis affected communities are the ones leading responses to disaster or conflict. It is a tool to advocate for communities to be the primary actors and the primary voices in defining their needs and how those needs are addressed during and after a crisis.

Each Guide has three main sections (see the table of contents)

  • For the general community describing the overall aid system
  • Specific information about commitments to crisis-impacted communities
  • For aid agencies, a ‘roadmap’ to effectively collaborate with communities
There are seven (7) Guides. Please click on the name of the community to download that guide:

The Guide is a living document intended to incorporate future input to create richer dialogue.

Editorial Team

Jamesky Blaise, K. Jessica Hsu, Sabina Robillard, Mark Schuller, Elkins Voltaire, Ilionor Louis

Community Engagement Team

Ilionor Louis, Fritznel Mede, Vikens Sinal

Translation and Copy Edits

Jean-Gérard Anis, Carl Foster Candio, Mark Schuller, Laura Wagner

Graphic Design

Johanne Elima

Web Design

Gessica Vixamar

Photos

Bette Gebrian Magloire, Heather Prentice-Walz, Mark Schuller

Management Team

FOKAL

Marie Edmonde Jeune, Jonathan Perodin

 


The Guide was made possible through funding by the National Science Foundation CAREER Grant # 1455142 to Dr. Mark Schuller at Northern Illinois University. The views expressed in this guide do not necessarily reflect those of the NSF or NIU.